AkèyMizik AyisyenPREZANS BONDYE || Junior Nickson Bora (Official Video)

PREZANS BONDYE || Junior Nickson Bora (Official Video)

atik sa soti

PREZANS BONDYE || Junior Nickson Bora (Official Video)

Mwen kontan anpil pou m prezante nou Video mizik « PREZANS BONDYE » a!

Chante sa a se yon envitasyon pou dekouvri pouvwa ak lapè ki nan prezans Bondye. Lap ankouraje w pou w soumèt ak obeyi vwa Bondye.

Kite pawòl ak melodi Mizik sa touche kè ou, e santi pwofondè koneksyon diven an. Mwen swete chante sa a enspire ou pou chèche prezans li nan lavi ou chak jou.

Pa bliye like, kòmante, e pataje si chante sa a te touche ou! Abòne nan chèn nan pou ou pa rate okenn nan kreyasyon mizikal kap vini yo. Mèsi anpil pou sipò ou, e Bondye beni ou abondamman!

Paroles :
1- Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen menm vle dekouraje
Nan pawòl ou, ou di si mwen fwape wa va louvri
Gon baryè ki separe mwen menm ak ou.

2- Ma chèche tout sa nan m mwen dezire
Men sanble se pa sa w vle
Nan fon kè mwen, mwen santi yon gran swaf pou prezans ou
Men gon bagay k anpeche m proche pi pre w.


Mwen pap tann se lè maladi ap menase m
Pou m rete nan prezans ou
Mwen pap tann se lè mwen pa wè wout poum pase
Pou mwen fè volonte ou.

3- Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen santi nan m mwen trouble
Lè m fè silans, mwen tande yon vwa dous kape pale
« Wap chèche men m, e poutan mwen vle baw kè m. »


Mwen pap tann se lè maladi ap menase m
Pou m rete nan prezans ou
Mwen pap tann se lè mwen pa wè wout poum pase
Pou mwen fè volonte ou.

pon
”Men m jan avèk wa David
Nou pral kòmande nan m nou
Poul koube pou beni non Senyè a”

Nan m mwen exalte l
Nan m mwen prostène w
Nan m mwen adore BONDYE (chorus repeat 2x)

Solo:
Nan prezans ou
Fè m ret nan prezans ou
M vle ret nan prezans ou
Se la mwen santim ere

Nan prezans ou
Fè m ret nan prezans ou
M vle ret nan prezans ou
Se la mwen santim ere (chorus repeat 2x)

Solo
Map rele ou, mwen pa kapab ankò
Mwen santi nan m mwen trouble
Lè m fè silans, mwen tande yon vwa dous kape pale
« Wap chèche men m, e poutan mwen vle baw kè m. » (Last line 3x)

Connectez-vous avec moi :

Instagram :

instagram.com/nickyjay?ig…

Facebook :

facebook.com/juniornickso…

TikTok:

tiktok.com/@nicky_jayyy?_…

#PrezansBondye #nouvovideo
#mizikevanjelik #newvideo
#MusiqueChrétienne #PrésenceDeDieu #Foi #Adoration #Soumission
#adorasyon #godspresence #gospelmusic #miziklevanjil
#MizikDiven #ChanteNouvo #Benediksyon #Lapè #PouvwaBondye #MizikHaitienne #KoneksyonDiven #SoutyenMizik

Lien vers : YouTube video
Lien vers : Facebook

dènye atik nou yo

« SOS », yon kantik Afrobeats ki fè kè vibre

26 avril 2025, chantè kretyen ayisyen an Rosena Josselin Orys revele li Nouvo sèl...

Orijin, « Jenèz » vini, ak enpak sou sèn nan levanjil ayisyen an

Prezantasyon ak wout nan Stevens Vilus Stevens Vilus se yon atis evanjelik ayisyen ki te...

Daniel Mathias revele pwofetik la pi lwen pase vwal la, yon liv pwofetik

Liv la pwofetik Pwofetik pi lwen pase vwal la Pwofèt Daniel Mathias la kounye...

Konsè Levanjil la sou 2 me, 2025 nan Zenith la nan Pari se plen

Evènman konsè a nan Jonathan Gambela Nan Zénith de Paris la, ki pwograme...

PLIS ATIK TOUJOU

00:04:54

NEW | DELLY BENSON | Dim kisaw vlem fè | Official

NEW | DELLY BENSON | Dim kisaw vlem fè | Official VIZUALIZER NEW | DELLY...
00:04:44

Wiliadel Denervil – Ajenou (Visualizer)

Wiliadel Denervil - Ajenou (Visualizer) L'album Victoire au nom de Jesus est disponible partout. Texte ...
00:04:03

Celigny Dathus – AVAN TOUT BAGAY (Official Music Video) ft.

Celigny Dathus - AVAN TOUT BAGAY (Official Music Video) ft. Frederson Joseph Lyrics ===================== Wooo! Wooo! Wooo! Oooh!...