Pou Ou Sèl Lyrics – Spencer Brutus


Pou Oswa Sèl

Nan mitan pwoblèm yo ou kanpe avè-m
Nan mitan tèt chaje yo ou rule zafè-m
Lannuit kou lajounen ou pa janm lage-m
Nan moman fè nwa yo se ou ki klere-m
Lè mwen chavire, or ban-m men, or leve-m
Depi-m rankontre-w, or pa janm fè defo

Pre-refren
Se sak fè chak jou, chak minit, chak segond
Se ou ke m vle fè plezi (bis)

Abone ak nou

klike pou inskri nan chanèl nou yo :

WhatsApp
Telegram

Refren
Jezi pou ouuu sèl mwen vle viv
Jezi pou ouuu sèl ke mwen ye
Jezi pou ouuu sèl lespri-m ye
Jezi pou ouuu sèl nanm mwen ye

Jezi se pou ou m ye
Fè sa ou vle ak mwen

Vèsè #2
Lè map mache nan vale lonbraj ak lanmò
Mwen pa pè anyen paske-m konnen wap pwoteje mwen
Enmi met anche, enmi met deplase
Yap ret konsa yap gad ale-m
Mwen s on pye bwa k plant tèt anba
Rasinn mwen konekte anwo
Depi-m rankontre-w, or pa janm fèm defo

Biyografi atis
Spencer Brutus, yon lavi ki aliyen ak objektif diven – revele biyografi



BGospel Magazine

sak pi popilè yo