Samdi 31 Out 2019 Media Levanjil te anonse pandan yon konferans pou laprès lansman ofisyèl pwojè Media Levanjil Awards 2019 la.
Dapre esplikasyon komite a, #MLA19 kreye nan objektif pou ankouraje aktè nan sektè evanjelik la pou yo pwodui plis zèv de kalite. Media Levanjil fè konnen, depi 2012 pou rive 2019, yon ogmantasyon konsiderab nan pwodiksyon nan sektè a e li wè opòtinite pou vini ak MLA19 pou rekonpanse ak ankouraje aktè yo pou yo pwodwi an kantite ak kalite.
Ki domèn ekspètiz komite sa a? Ki kritè seleksyon yo dwe nominasyon? Nou gen konfyans ekip Media Levanjil la pral fè tout sa ki posib pou siksè gwo inisyativ sa a.
Kounye a, komite a ap travay pou finalize epi prezante lis atis, gwoup ak koral nominasyon yo anvan 24 oktòb 2019, ki pral make kòmansman vòt piblik ak medya yo, jiska 19 desanm 2019.

Felisitasyon nou ak tout ekip Média Levanjil la pou gwo vizyon sa a. Seremoni distenksyon talan an pwograme pou 21 desanm 2019. Tren #MLA19 la an mouvman, ann mete tèt nou ansanm ak konpetans nou pou asire siksè evènman sa a ki se non sèlman yon pwojè Media Levanjil, men se tout aktè kretyen yo.
À lire aussiKonsè renouvèlman le 18 avril 2026











