Kote w ye? BLOUSENA ( Official Video )
❝ Kote W Ye ❞ se yon chante espirityèl ki soti nan fon kè a. Li adrese Bondye, lè w santi w abandone, lè tout bagay twoub, men w toujou ap tann limyè li.
Yon mizik ki pale ak kè moun k ap viv nan solitid, doulè, e k ap chèche direksyon.
Vwa, pawòl, ak emosyon: tout sa pou touche nanm ou.
Abònye pou plis mizik espirityèl ki pale ak lavi ou.
Di nou nan komantè: Ki kote ou te ye lè mizik sa te frape w?
Email : [email protected]
ATTENTION: Any re-uplaod of this video without authorization will lead to permanent shut down of the Channel.
Crédits
Producteur
Jojo
Browns Louis Charles
Texte
Amos César
Lead : Blousena
Choriste: Browns Louis Charles
Batteur : Fenel Lafleur
Guitare : Jimmy Jean Félix
Bass : Kevin Duverseau
Mixage
Browns Louis Charles
Master
Browns Louis Charles
Special thanks
Snowdooby Marcellus
Emmanuella Bigord
Browns Louis Charles
Amos César
Lyrics
Kote w ye?
1
Tankou yon nofraje
Gad jan lavi m prale
Tankou de bra m koupe
Yon malere k ap mande
Ki lè m ap fin konte
Mizè m ap kalkile
Lespri m gaye m twouble
Si w pa tounen m ap krake
Kè
Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou
2
Menm si ou pa pale
Mwen p ap janm deplase
Ki kote ou vle m ale?
Pawòl lavi a nan men w li ye
M sonje jan w konn kenbe m
Chalè lanmou w manke mwen
M sonje tout randevou
Lè m konn ale lakay ou
Kè
Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou
Pon
Paske, lè w ale
menm lanmò pa bezwen mwen
Lapli mèt tonbe, jaden mwen pa janm wouze
Ki kote w rete, m pa pè mache apye
Pikan mèt kòche m
Kè
Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe toufe toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa wi nanm mwen nanm mwen san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou
#KoteWYe #MizikEspirityèl #GospelKreyol #ChanteAyisyen #Blousena #kotewye? #viziten #gospel #gospelmusic #worshipmusic #haiti #videos #official #Ayiti #KoteWYe #MizikKreyol
#mizikespirityèl #Chante Kreyòl #Gospel Kreyòl #MizikRekonfò #Mizik Bondye #Mizik Ayisyen #Mizikpousyella
Lien vers : YouTube video
Lien vers : Facebook

