FÒS LOUWANJ – GSM feat Me JEANTY (Official video)
Composition : Ronaldson Nicolas
Texte : Ronaldson Nicolas et GSM
Arrangements vocal : Maestro @musicluc2.0 / Ronaldson Nicolas
Arrangements musical : Maestro @musicluc2.0 / @sheggerbeat6574
Production musicale : @sheggerbeat6574
Mixage/ Mastering : @sheggerbeat6574
Kisa ki pi gran pase gras ou fè Mwen
Sou lakwa ou te vin mouri pou mwen
Pwojè w genyen pou mwen se lapè
Se sa ki fem pa janm pè
Lè pwoblèm yo vini
Gras ou se tout vi m
Mwen gen tout rezon pou m louwe w
Chak fwa m leve men m
Pòt syèl la louvri
Ou gentan pare pou aji
Tout jenou flechi
Ou sèlman pale
Tout letènite anvayi
Louwe li
Louwe li
( Refren )
Mwen gen viktwa lè m louwe w
Montay yo deplase lè m louwe w
Miray yo tonbe lè mwen louwe w
Tout chèn yo kase
Lè mwen louwe w
Tout bagay posib lè m louweeeee w
Alelouya
( Rap ) @maitrejeanty3268
Ti sa k ap pase paka anpeche l
Nan danje di m ki lòt ki bò Kote m
E di mwen ki chèn ou konnen ki ka kenbe m
Pandan de menm anlè ap balanse
E pa pou granmesi l te pran kwa
E m solid nan chak kout Alelouya
Mwen paka fè bak ni bay vag
Nan bon tan kou move tan
Mwen paka sispann leve vwa m
Chak lè m louwe pou enmi se pwazon
Pa bliye lè Pòl ak Silas nan prizon
Yo pa t sispann louwe
Yo pa t sispann chante
Yo te rete pi djanm nan lafwa Jouk sa bon
Tanpri di m pou ki rezon frèm w ap fè tèt cho
Èske w pa konnen louwanj ka woule wòch yo
Tout kle pòt yo pa lòt kote
E pa okipe lòt k ap di w solisyon an frèm se lòt kote
Gras ou se tout vi m
Mwen gen tout rezon pou m louwe w
Chak fwa m leve men m
Pòt syèl la louvri
Ou gentan pare pou aji
Tout jenou flechi
Ou sèlman pale
Tout letènite anvayi
Mwen gen viktwa lè m louwe w
Tout bagay posib lè m louweeeee w
Lè m louwe w
Tout chèn yo kase lè m louwe w
Malad yo geri lè m louwe w
Bèbè yo pale
Bwate yo mache
Menm avère yo wè
lè m louwe w
Louwe w
Louwe w
Louwe w
#gospelmusic #Waprenye #Fòslouwanj #louwanj #album #albumsong #gsm
Lien vers : YouTube video
Lien vers : Facebook
