Kote w ye? BLOUSENA ( Official Video )

Kote w ye? BLOUSENA ( Official Video )

❝ Kote W Ye ❞ se yon chante espirityèl ki soti nan fon kè a. Li adrese Bondye, lè w santi w abandone, lè tout bagay twoub, men w toujou ap tann limyè li.
Yon mizik ki pale ak kè moun k ap viv nan solitid, doulè, e k ap chèche direksyon.

Vwa, pawòl, ak emosyon: tout sa pou touche nanm ou.

Abònye pou plis mizik espirityèl ki pale ak lavi ou.

Di nou nan komantè: Ki kote ou te ye lè mizik sa te frape w?

Email : [email protected]

ATTENTION: Any re-uplaod of this video without authorization will lead to permanent shut down of the Channel.

Crédits

Producteur
Jojo
Browns Louis Charles

Texte
Amos César

Lead : Blousena
Choriste: Browns Louis Charles
Batteur : Fenel Lafleur
Guitare : Jimmy Jean Félix
Bass : Kevin Duverseau

Mixage
Browns Louis Charles

Master
Browns Louis Charles

Special thanks
Snowdooby Marcellus
Emmanuella Bigord
Browns Louis Charles
Amos César

Lyrics

Kote w ye?

1
Tankou yon nofraje
Gad jan lavi m prale
Tankou de bra m koupe
Yon malere k ap mande
Ki lè m ap fin konte
Mizè m ap kalkile
Lespri m gaye m twouble
Si w pa tounen m ap krake


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

2
Menm si ou pa pale
Mwen p ap janm deplase
Ki kote ou vle m ale?
Pawòl lavi a nan men w li ye
M sonje jan w konn kenbe m
Chalè lanmou w manke mwen
M sonje tout randevou
Lè m konn ale lakay ou


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa nanm mwen ye san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

Pon
Paske, lè w ale
menm lanmò pa bezwen mwen
Lapli mèt tonbe, jaden mwen pa janm wouze
Ki kote w rete, m pa pè mache apye
Pikan mèt kòche m


Ou pati kite mwen Senyè
kote w ye?
Fè nwa fin kouvri m
souf mwen kout
m ap toufe toufe toufe
Tankou yon loray ki san zèklè
Nan syèl san koulè
Se konsa wi nanm mwen nanm mwen san ou
Tankou yon gazolin k ap boule
Nan yon kawotchou
Vin tenyen dife absans ou

#KoteWYe #MizikEspirityèl #GospelKreyol #ChanteAyisyen #Blousena #kotewye? #viziten #gospel #gospelmusic #worshipmusic #haiti #videos #official #Ayiti #KoteWYe #MizikKreyol
#mizikespirityèl #Chante Kreyòl #Gospel Kreyòl #MizikRekonfò #Mizik Bondye #Mizik Ayisyen #Mizikpousyella

Lien vers : YouTube video
Lien vers : Facebook

Abone ak nou

klike pou inskri nan chanèl nou yo :

WhatsApp
Telegram

Sak pi cho!

Joy Clerf Derisier – SENYÈ MWEN VA YON TEMWEN (feat. Mike Lee Elminis)

SENYÈ MWEN VA YON TEMWEN (feat. Mike Lee...

Cales Louima – Talita Cumi

Louima kwen | Talita Cumi | Videyo...

Peterson Jules , Alleluia (video)

Lyrics Peterson Jules – Alleluia (video) PETERSON JULES TEXTE ET MUSIQUE...

Barbara Cassamajor , Pwomès Pa M (Video Et Paroles)

Lyrics Barbara Cassamajor | PWOMÈS PA M (Official Video) PWOMÈS PA...

Mwen Reklame-l Lyrics – Spencer Brutus

Mwen Reklame-lFavè Bondye sou mwen, vitwa-m deja siyenMwen...

Top 10 Gospel Ayisyen – AMMIEL ROSILIEN, Frè Mendy, Jimla

1 Mpa manke anyen – AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN Mpa...
00:07:11

Mpa manke anyen – AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN

Mpa manke anyen - AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN...

Phil Wickham fim espesyal Nwèl nan Los Angeles

Atis adorasyon an envite fanatik li yo nan...

Sinach – rimè divòs ak avi fòmèl

Zafè a Sinach Epi Jozèf Egbu ka rezime...

Plis atik toujou

Kategori popil