PAPAM Son King – FRE GABE feat ED DAGODSEED (OFFICIAL VIDEO)

PAPAM Son King – FRE GABE feat ED DAGODSEED (OFFICIAL VIDEO) 4K

LABEL: Inspiration Dvine Studio
PRODUCTION: ReD Vision Plus
ALBUM: IDAW
DIR: Pierre Alan Gabriel
Editing: Pierre Alan Gabriel
Color: Pierre Alan Gabriel
Lyrics: Pierre Alan Gabriel
Beatmaker: Anywaywell
DOP & Lighting: KN VISUALS

Lyrics

ED DA GODSEED

Zèl Èg la deplwaye
Lyon an anvayi
tout ti bèt pran rak,
ivre du Saint Esprit, enkonpri
yo di Ed pran krak
m pap pèdi sali m pon KADILAK
si 2 pyem mennenm paradi
lavi banm Traka , mpap fè « TROUBLE »
mwen pito pran sak

msiviv anba friennemi
anpil enemi
Se pa pou dat map mache sou ZENGLEN
men HolyGhost carry me

syèl la se zafèm
mposede plis kon ZILE
Disip JEZI KRIS gen Jistis kont Ti Vis
k’anpile
plis n andire
se plis nap
jwenn Peace
nan CHRIST e
sak pi anpire
ATYS chache seriz nan pire

N anbake
demon pran kou anba kè , y anba tè
San plake
nou se Kolonèl kap jije yo san pakè
Se pa Latalay kap fèm
wè Bourik mistik
Kè m rime ak kreyatè m
Holocaust CHRISTIQUE
King this, King that
King Street , King Rap
On sèl King ki valide
bese tèt ou devan non CHRIST la

Ou paka King
Siw pa JESUS
Ou ka popilè, menw pa pi enpòtan
Ke JESUS
Ou pa papa
Ou pa JESUS
Mon amiw pral nan lanfè
Depiw mouri san JESUS

LEgliz la son lopital pou pechè
LEgliz la se komisarya pou mare djab la
LEgliz la son tribinal
Pou kondane peche

Vini, vini menm siw santiw sal
Menm siw santiw echwe

Papa mwen son KING
Li bay djab la pinga
Papa mwen son KING
Devanl se mete chapo ba
Papa mwen son KING
Li son Lyon se pa ba simba

Papa mwen son KING X2

FRE GABE

Mpap gen pwa kapris
Pou kwa pa Christ
Pou glwa sa mpaka tris
Ou paka fils
Pou papaw pa pran plis
Wap pa pran nan kataklis

Mpral e DWAT O BI
Pou neg anwo
Pou Neg ANBA KI
Pakoti
Vire X kon TOPI
Depiw pa briyan wap KOBI

Depiw nan koupe jean
Ou son thug vityèl
Mpap chech big duel
Siw vle VIBE
Nan KAY ou
Fow pa lage nan fè RITYÈL

Mpap chache problem
Mpa matematik
Lavim son powem
Mtrè rimatik
Federalman mpap BLAZE ONÈ’M

Nou konfu
Si Nap asosye elefan ak abèy
Gen ranpe, gen bat zèl
Èg a vètè pa parèy

Mpi wo ke enmi an menm sim akoupri
Mpap fè EKIP a moun ki gen ti VICE nan DJAKOUT li

Mantre nan bouf la
Mpote groove la
CHRIST gen pouvwa
Pou li ka sove nanm ou Lew pèdi ti souf la

Life mwen nan men Christ
Mpaka pèdi vim
paka pè viktim
Yap goumen pou pi konn ekri
Yo bliye si Èg la paka pèdi plim

Ou paka King
Siw pa JESUS
Ou ka popilè, menw pa pi enpòtan
Ke JESUS
Ou pa papa
Ou pa JESUS
Mon amiw pral nan lanfè
Depiw mouri san JESUS

LEgliz la son lopital pou pechè
LEgliz la se komisarya pou mare djab la
LEgliz la son tribinal
Pou kondane peche

Vini, vini menm siw santiw sal
Menm siw santiw echwe

Papa mwen son KING
Li bay djab la pinga
Papa mwen son KING
Devanl se mete chapo ba
Papa mwen son KING
Li son Lyon se pa ba simba

Papa mwen son KING X2

Lien vers : YouTube video
Lien vers : Facebook

Abone ak nou

klike pou inskri nan chanèl nou yo :

WhatsApp
Telegram

Sak pi cho!

Joy Clerf Derisier – SENYÈ MWEN VA YON TEMWEN (feat. Mike Lee Elminis)

SENYÈ MWEN VA YON TEMWEN (feat. Mike Lee...

Cales Louima – Talita Cumi

Louima kwen | Talita Cumi | Videyo...

Peterson Jules , Alleluia (video)

Lyrics Peterson Jules – Alleluia (video) PETERSON JULES TEXTE ET MUSIQUE...

Barbara Cassamajor , Pwomès Pa M (Video Et Paroles)

Lyrics Barbara Cassamajor | PWOMÈS PA M (Official Video) PWOMÈS PA...

Mwen Reklame-l Lyrics – Spencer Brutus

Mwen Reklame-lFavè Bondye sou mwen, vitwa-m deja siyenMwen...

Top 10 Gospel Ayisyen – AMMIEL ROSILIEN, Frè Mendy, Jimla

1 Mpa manke anyen – AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN Mpa...
00:07:11

Mpa manke anyen – AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN

Mpa manke anyen - AMMIEL ROSILIEN FT DERAMEAU ROSILIEN...

Phil Wickham fim espesyal Nwèl nan Los Angeles

Atis adorasyon an envite fanatik li yo nan...

Sinach – rimè divòs ak avi fòmèl

Zafè a Sinach Epi Jozèf Egbu ka rezime...

Plis atik toujou

Kategori popil